Lòm Kowonpi Pa Kapab Reprezante Bondye
Lòm te toujou ap viv anba manto enfliyans tenèb, mentni an esklavaj sou enfliyans Satan, li pa kapab chape, ak dispozisyon li ke Satan gen tan manipile, ap vin kowonpi plis toujou. Nou kapab di lòm te toujou ap viv nan dispozisyon satanik kowonpi li epi li pa kapab renmen Bondye tout bon vre. Kidonk, si lòm vle renmen Bondye, li dwe mete de kote pwòp jistis li, pwòp enpòtans li, awogans li, vanite li, elatriye—Tout sa ki vini de dispozisyon Satan. Sinon, lanmou li se yon lanmou enpi, yon lanmou satanik, e ki pa kapab absoliman resevwa apwobasyon nan men Bondye. San Sentenspri a pa fè w bon nèt direkteman, trete, brize, koupe sa ki pa bon, disipline, chatye e rafine ou, pèsonn pa p vrèman renmen Bondye. Si ou di yon pati nan dispozisyon ou yo reprezante Bondye ebyen pa konsekan ou kapab vrèman renmen Bondye, answit ou se yon moun ki gen pawòl awogan, epi ou ridikil. Moun sa yo se akanj! Nati lòm fèt avèk li a pa kapab dirèkteman reprezante Bondye; li dwe debarase li de nati li fèt avèk li a atravè pèfeksyon Bondye epi sèlman sa—se sèlman lè’w pote atansyon ak volonte Bondye, akonpli entansyon Bondye yo, epi soumèt ak travay Sentespri a—Bondye kapab apwouve jan li viv la. Okenn moun ki ap viv nan kò sa a pa kapab reprezante Bondye dirèkteman, sof si li se yon moun ke Sentespri a itilize. Sepandan, menm pou yon moun konsa a, yo pa ka di dispozisyon li ak sa li viv reprezante Bondye totalman; li kapab sèlman di Sentenspri a dirije sa li viv. Dispozisyon yon moun konsa pa ka reprezante Bondye.
Byen ke Bondye òdone dispozisyon lòm—sa a enkontestab e li kapab konsidere tankou yon bagay pozitif—se Satan ki enfliyanse yo, epi tout dispozisyon lòm lan se dispozisyon Satan. Kèk moun di ke dispozisyon Bondye yo se pou w dwat nan sa w ap fè, epi tou sa manifeste nan yo, ke pèsonalite yo konsa tou, epi pou yo kapab di ke dispozisyon yo reprezante Bondye. Ki kalite moun sa yo ye? Èske dispozisyon satanik kowonpi kapab reprezante Bondye? Nenpòt moun ki deklare ke dispozisyon li yo reprezante Bondye blasfème Bondye ak ensilte Sentespri a! Atravè metòd ke Sentespri a fonksyone montre ke travay Bondye sou latè se sèlman travay konkèt. Konsa, anpil dispozisyon satanik nan moun yo poko fin pwòp, jan li viv se toujou imaj Satan, se sa ke lòm kwè ki bon, epi li reprezante zèv yo nan lachè; pou pi klè, li reprezante Satan, e pa kapab reprezante Bondye absoliman. Menm si yon moun deja renmen Bondye nan limit ke yo kapab jwi yon lavi nan syèl la sou tè a, yo kapab fè deklarasyon sa yo tankou: “O Bondye! Mwen pa kapab renmen Ou ase,” epi mwen te rive nan domèn ki pi wo a, li pa kapab toujou di ke yo ap viv Bondye oswa reprezante Bondye, paske sibstans ki nan lòm kontrè ak sa ki nan Bondye yo, epi lòm pa’p janm kapab viv Bondye, ankò mwens vin tankou Bondye. Sa ke Sentespri a dirije moun pou viv an akò sèlman ak sa Bondye mande pou lòm fè.
Tout aksyon ak zèv Satan yo manifeste nan lòm. Jodi a tout aksyon ak zèv lòm se yon ekspresyon Satan epi yo pa kapab reprezante Bondye. Lòm se enkanasyon Satan, e dispozisyon lòm pa kapab reprezante dispozisyon Bondye. Gen kèk moun ki gen bon pèsonalite; Bondye kapab fè kèk travay nan pèsonalite moun sa yo, ak travay yo fè ki dirije pa Sentespri a. Men, dispozisyon yo pa kapab reprezante Bondye. Travay Bondye fè nan yo a pa plis pase travay epi ajoute sou sa ki deja egziste nan yo. Kèlkeswa se pwofèt nan tan pase yo oswa sila yo Bondye itilize, pèsonn pa ka reprezante Li dirèkteman. Moun yo vin renmen Bondye sèlman anba kontrent sikonstans yo, epi pa gen youn ki fè yon efò pou kolabore ak pwòp volonte yo. Kisa bagay pozitif yo ye? Tout sa ki dirèkteman soti nan Bondye yo pozitif; Sepandan, Satan manipile dispozisyon lòm, epi yo pa kapab reprezante Bondye. Sèlman lanmou, volonte pou soufri, lajistis, soumisyon, ak imilite ak sekrè ki soti nan Bondye reprezante dirèkteman Bondye. Sa a se paske lè Li te vini, Li te vini san yon nati peche epi Li te soti dirèkteman nan Bondye Satan pat manipile Li. Jezi sèlman fèt nan nan yon kò ki sanble ak peche men ki pa reprezante peche; Se poutèt sa, aksyon Li, zèv, ak pawòl Li yo, jis rive nan akonplisman travay Li atravè Krisifiksyon Li (ki gen ladan moman Krisifiksyon Li), yo tout dirèkteman reprezante Bondye. Egzanp Jezi a ase pou pwouve ke nenpòt moun ki gen yon nati peche pa ka reprezante Bondye, e ke peche lòm reprezante Satan. Sa vle di, peche pa reprezante Bondye, e Bondye san peche. Nou ka konsidere menm travay ke Sentespri a fè nan lòm lan sèlman dirije pa Sentespri a, epi yo pa kapab di ke yo akonpli pa lòm nan non Bondye. Men, nan sa ki konsène lòm, ni peche li ni dispozisyon li pa reprezante Bondye. Pandan n’ap gade travay Sentespri a te fè nan lòm soti nan tan lontan jouk jodi a, nou wè moun gen tout sa li viv paske Sentespri a te fè travay nan li. Yon ti kras ladan yo kapab viv verite a aprè yo te fè fas ak epi disipline pa Sentespri a. Ki vle di, se sèlman travay Sentespri a ki prezan; kowoperasyon lòm lan absan. Èske’w wè sa klèman kounye a? kidonk, ki jan ou pral fè tout sa ki posib pou kolabore ak Li epi akonpli devwa ou lè Sentespri a ap travay?