Yo Dwe Pirifye Sèvis Relijye A

Depi nan konmansman travay Li nan tout linivè a, Bondye te predestine anpil moun pou sèvi L, ki gen ladan yo moun ki soti nan tout domèn nan vi a. Objektif Li se satisfè volonte Li epi byen kondui travay Li sou tè a; sa a se objektif Bondye a nan chwazi moun ki pou sèvi L. Chak moun k ap sèvi Bondye dwe konprann volonte Li. Travay sa a L ap fè a fè sajès ak tout puisans Bondye, epi prensip travay Li sou tè a, parèt pi klè pou moun. Bondye vin sou latè an reyalite pou fè travay Li, pou fonkyone ak moun, pou yo konnen zèv Li yo pi klè. Jodi a nou menm, gwoup moun sa a, gen chans sèvi Bondye pratik la. Sa se yon benediksyon san mezi li ye pou nou—se vre wi, Bondye leve nou. Nan fè chwa yon moun pou sèvi L, Bondye toujou gen pwòp prensip Li. Sèvi Bondye pa ditou menm jan moun imajine, jis paske w gen angouman. Jodi a nou wè tout moun ki sèvi devan Bondye fè sa paske Bondye gide yo epi Sentespri travay nan yo, epi paske yo se moun kap pouswiv verite a. Sa yo se pi piti kondisyon pou tout moun k ap sèvi Bondye.

Sèvi Bondye se pa yon travay ki senp. Moun dispozisyon kòwonpi yo rete menm jan an pa janm ka sèvi Bondye. Si pawòl Bondye yo pa t jije ak pini dispozisyon w, sa vle di dispozisyon ou toujou reprezante Satan, sa ki pwouve w ap sèvi Bondye ak pwòp bon entansyon w, sèvis ou a baze sou nati satanik ou. Ou sèvi Bondye ak karaktè natirèl ou epi jan w prefere. Epitou, ou toujou panse bagay ou vle fè yo se sa ki fè Bondye plezi, e bagay sa yo ou pa vle fè yo se sa Bondye rayi; ou travay nèt jan w prefere. Èske yo ka rele sa sèvi Bondye? Finalman, pa pral gen tikras chanjman nan dispozisyon lavi w; olye sa, sèvis ou a pral fè ou menm plis fè tèt di, konsa tanperaman koronpi w lan ap anrasine pi fon, epi konsa, ou pral devlope règ sou fason pou sèvi Bondye ki baze sitou sou pwòp karaktè w, ak eksperyans ki sòti nan sèvis ou selon pwòp dispozisyon ou. Sa yo se eksperyans ak leson ki soti nan lòm. Li se filozofi moun k ap viv nan mond lan. Yo ka klase moun konsa yo men jan ak farizyen ak lidè relijye yo. Si yo pa janm reveye epi repanti, se sèten yo pral tounen fo Kris ak antikris k ap twonpe moun nan dènye jou yo. Fo Kris ak antikris yo fè referans yo pral soti nan mitan moun sa yo. Si moun sa yo kap sèvi Bondye swiv pwòp karaktè yo epi aji selon pwòp volonte yo, yo riske pou yo mete yo deyò nenpòt ki lè. Moun sa yo ki mete anpil ane eksperyans yo genyen nan sèvis Bondye pou yo ka genyen kè lòt moun, pou anseye yo ak kontwole yo, epi resevwa konpliman—epi ki pa janm repanti, pa janm konfese peche yo, pa janm renonse ak avantaj ki genyen nan pozisyon yo—moun sa yo pral tonbe devan Bondye. Yo se menm kalite moun ak Pòl, konte twòp sou ansyènte yo ak montre kalifikasyon yo. Bondye pa p mennen moun konsa nan pèfeksyon. Sèvis konsa nan konpetisyon ak travay Bondye a. Moun yo toujou rete kole sou sa ki ansyen an. Yo rete kole sou konsepsyon ansyen tan yo, sou tout bagay ki te pase. Sa se yon gwo obstak pou sèvis yo. Si ou pa ka voye yo jete, bagay sa yo pral toufe tout lavi w. Bondye pa pral fè lwanj ou, pa menm yon ti kras, pa menm si ou kase janm ou pandan w ap kouri oswa do w ak travay, pa menm si ou ta soufri anpil nan sèvis ou pou Bondye a. Okontrè: li pral di ou se yon malfektè.

Depi jodi a, Bondye pral fòmèlman fè pafè moun sa yo ki pa gen okenn move konsepsyon relijye, ki vle mete sou kote ansyen yo menm nan, epi ki obeyi Bondye nan yon fason ki senp. Li pral pèfeksyone moun sa yo ki anvi pawòl Bondye yo. Moun sa yo ta dwe kanpe epi sèvi Bondye. Nan Bondye gen abondans nètalkole ak bon konprann san limit. Travay enkwayab Li a ak pawòl presye Li yo ap tann plis moun jwenn jwisans. Kòm li vle di, moun sa yo ki gen move konsepsyon relijye, moun sa yo ki konte twòp sou ansyènte ak moun sa yo ki pa ka mete kò yo sou kote wè li difisil pou yo aksepte nouvo bagay sa yo. Sentespri a pa gen okenn chans pou devlope moun sa yo. Si yon moun pa t deside obeyi, epi li pa swaf pawòl Bondye yo, li pa gen mwayen pou li aksepte nouvo bagay sa yo; li pral tou senpleman vin rebèl pi plis, rize pi plis, e konsa fini sou move tras la. Lè Li ap fè travay Li kounye a, Bondye pral leve plis moun ki renmen Li tout bon e ki ka aksepte nouvo limyè a, epi Li pral redui konplètman lidè relijye yo ki konte twòp sou ansyènte yo; Li pa bezwen youn menm nan wòklò k ap reziste ak chanjman yo. Èske ou vle fè pati moun sa yo? Èske ou fè sèvis ou jan ou prefere, oswa èske w ap fè sa Bondye mande? Sa a se yon bagay ou bezwen konnen pou tèt ou. Èske ou se yon lidè relijye oswa ou se yon tibebe ki fenk fèt Bondye byen devlope? Konbyen nan sèvis ou Sentespri a salye? Ki kantite ladan li Bondye pa p menm pran lapèn pou l sonje? Ki gwosè chanjman ki fèt nan lavi ou kòm rezilta tout ane sèvis ou yo? Èske ou klè sou tout bagay sa yo? Si ou gen lafwa tout bon, ou pral jete vye konsepsyon relijye anvan yo, epi ou pral sèvi Bondye pi byen nan yon fason tou nèf. Li pa twò ta pou w leve kanpe kounya. Ansyen konsepsyon relijye yo ka gaspiye tout lavi yon moun. Eksperyans yon moun genyen ka lakòz yo deplase lwen Bondye epi fè bagay yo pwòp fason pa yo. Si ou pa mete kalite bagay sa yo sou kote, yo pral vin yon obstak k ap anpeche kwasans nan lavi w. Bondye toujou pèfeksyone moun ki sèvi L, li pa mete yo deyò alalejè. Si ou aksepte tout bon jijman ak chatiman nan pawòl Bondye yo, si ou ka mete sou kote ansyen pratik relijye w yo ak règ yo, epi sispann sèvi ak ansyen konsepsyon relijye yo kòm yon mezi pou pawòl Bondye pou jodi a, se sèlman lè sa a pral gen yon avni pou ou. Men, si ou rete kole sou bagay ansyen yo, si ou toujou konsidere yo kòm trezò, lè sa a, pa gen okenn fason pou w sove. Bondye pa okipe kalite moun sa yo. Si tout bon ou ta renmen yo pèfeksyone w, lè sa a, ou dwe pran desizyon pou abandone nèt tout bagay ki te anvan. Menm si sa ki te fèt anvan an te bon, menm si se te travay Bondye, ou toujou dwe kapab mete l sou kote epi sispann kole sou li. Menm si se te klèman travay Sentespri a, Li te fè dirèkteman, jodi a ou dwe mete l sou kote. Ou pa bezwen kwoke sou li. Se sa Bondye mande. Tout bagay dwe renouvle. Nan travay Bondye a ak nan pawòl Bondye yo, Li pa fè okenn referans a ansyen bagay sa yo ki te konn fèt anvan, Li pa fouye nan ansyen almanak la; Bondye se yon Bondye ki toujou nouvo e pa janm ansyen, epi Li pa menm rete kole sou pwòp pawòl pase Li yo—ki montre Bondye pa swiv okenn règ. Se konsa, tankou yon moun ki toujou rete kole sou bagay pase sa yo, si ou refize kite yo pati epi ou aplike yo yon fason rijid tankou yon fòmil, pandan Bondye pa aji ankò nan sèvi avèk mwayen li te konn sèvi anvan an, si se konsa, èske pawòl ou ak aksyon w yo pa deranje? Èske ou pa vin yon lènmi Bondye? Èske ou vle kite tout lavi w depafini akoz bagay ansyen sa yo? Bagay ansyen sa yo pral fè ou tounen yon moun ki kanpe nan chimen travay Bondye a—Èske se kalite moun konsa ou vle ye? Si ou pa vle sa tout bon, ebyen sispann vit sa w ap fè a epi vire fè voltefas; rekòmanse tout bagay. Bondye pa pral sonje sèvis pase ou.

Avan:  Lòm Kowonpi Pa Kapab Reprezante Bondye

Pwochen:  Nan lafwa ou nan Bondye ou dwe obeyi Bondye

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm

Koulè solid

Tèm

Polis

Tay polis

Entèliy

Entèliy

Lajè paj la

Tab matyè yo

Rechèch

  • Chache tèks sa a
  • Chache liv sa a

Connect with us on Messenger