Konnen Travay Bondye ki Pi Resan an epi Swiv Tras Li Yo

Kounye a, nou dwe kontinye vin tounen pèp Bondye, epi konsa n ap kòmanse antre san rezèv sou wout dwat la. Lè nou se Pèp Bondye, sa vle di nou antre nan tan Wayòm nan. Jodi a, nou kòmanse antre nan fòmasyon wayòm nan ofisyèlman, epi lavi nou alavni pral sispann neglije tankou jan sa te ye anvan; avèk yon kalite lavi konsa, li enposib pou rive nan nivo Bondye mande yo. Si w pa santi okenn ijans, enben sa montre w pa gen okenn dezi pou amelyore tèt ou, sa w ap pou pousuiv la pa klè nan lespri w, epi ou pa kapab akonpli volonte Bondye. Antre nan fòmasyon wayòm nan vle di kòmanse lavi pèp Bondye a—èske w vle asepte kalite fòmasyon sa a? Èske w gen volonte pou santi yon santiman ijans? Èske w gen volonte pou viv anba disiplin Bondye? Èske w gen volonte pou viv anba chatiman Bondye? Lè pawòl Bondye yo rive sou ou epi mete w anba eprèv, kijan ou pral aji? Epi kisa w pral fè lè w pral fè fas ak tout kalite reyalite? Nan tan pase yo, ou pa t konsantre sou lavi; jodi a, ou dwe antre nan reyalite lavi a, epi pousuiv chanjman yo nan dispozisyon lavi w. Se sa moun ki nan wayòm nan dwe reyalize. Tout sila yo ki se pèp Bondye dwe posede lavi, yo dwe asepte fòmasyon wayòm nan, epi chèche chanjman yo nan dispozisyon lavi yo. Se sa Bondye mande moun ki nan wayòm nan.

Men egzijans Bondye yo pou moun ki nan wayòm nan:

1. Yo dwe asepte komisyon Bondye yo. Sa vle di, yo dwe asepte tout pawòl ki pale nan travay Bondye pandan dènye jou yo.

2. Yo dwe antre nan fòmasyon wayòm nan.

3. Yo dwe chèche pou Bondye touche kè yo. Lè kè w tounen vin jwenn Bondye nèt, epi ou gen yon lavi espirityèl ki nòmal, ou pral viv nan wayòm libète a, ki vle di ou pral viv anba swen ak pwoteksyon lanmou Bondye. Se sèlman lè w viv anba swen ak pwoteksyon Bondye w ap pou Bondye.

4. Bondye dwe genyen yo.

5. Yo dwe vin yon manifestasyon laglwa Bondye sou latè.

Senk pwen sa yo se komisyon Mwen yo pou nou. Pawòl Mwen yo pale pou pèp Bondye a, e si w pa vle asepte komisyon sa yo, Mwen pap fòse w—men si w asepte yo tout bon lè sa a ou pral kapab fè volonte Bondye. Jodi a, nou kòmanse asepte komisyon Bondye yo, epi pousuiv vin tounen pèp wayòm nan, epi rive nan nivo ki nesesè yo pou nou kapab pèp wayòm nan. Sa a se premye etap antre a. Si w swete fè volonte Bondye konplètman, ebyen ou dwe asepte senk komisyon sa yo, epi si w kapab reyalize yo, w ap swiv kè Bondye epi se sèten Bondye pral sèvi anpil avè w. Sa ki enpòtan jodi a se antre nan fòmasyon wayòm nan. Antre nan fòmasyon wayòm nan mache ak lavi espirityèl la. Anvan, pa t gen pale sou lavi espirityèl sa a, men jodi a, pandan ou kòmanse antre nan fòmasyon wayòm nan, ou antre ofisyèlman nan lavi espirityèl la.

Ki kalite lavi lavi espirityèl la ye? Lavi espirityèl la se yon lavi kote kè w konsakre pou Bondye nèt, epi li kapab pran konsyans lanmou Bondye. Li se yon lavi kote w ap viv nan pawòl Bondye yo, e okenn lòt bagay pa okipe kè w, epi ou kapab byen konprann volonte Bondye jodi a, epi limyè Sentespri a ap gide w jodi a yon fason pou w akonpli devwa ou. Yon lavi konsa ant moun ak Bondye se lavi espirityèl la. Si w pa kapab swiv limyè jodi a, enben gen yon distans ki te louvri nan relasyon w avèk Bondye—li kapab menm te koupe—epi ou pa gen yon lavi espirityèl ki nòmal. Yon relasyon nòmal avèk Bondye konstwi yon fondasyon ki asepte pawòl Bondye yo jodi a. Èske w gen yon lavi espirityèl ki nòmal? Èske w gen yon relasyon nòmal avèk Bondye? Èske w se yon moun ki swiv travay Sentespri a? Si w kapab swiv limyè Sentespri a jodi a, epi ou kapab konprann volonte Bondye nan pawòl Li yo, epi antre nan pawòl sa yo, lè sa a ou se yon moun ki swiv kouran Sentespri a. Si w pa swiv kouran Sentespri a, enben, san mank ou se yon moun ki p ap chèche verite. Sentespri a pa gen chans pou Li travay nan sila yo ki pa gen okenn dezi pou yo bamelyore tèt yo, e kòm konsekans, moun sa yo pa janm kapab rasanble fòs yo, epi yo toujou pasif. Jodi a, èske w swiv kouran Sentespri a? Èske w nan kouran Sentespri a? Èske w retire kò w nan yon eta pasif? Tout moun ki kwè nan pawòl Bondye yo, ki pran travay Bondye a kòm fondasyon an, epi ki swiv limyè Sentespri a jodi a—yo tout nan kouran Sentespri a. Si w kwè, pawòl Bondye yo reyèl epi kòrèk tout bon, epi si w kwè nan pawòl Bondye yo kèlkeswa sa Li di, enben ou se yon moun k ap kontinye antre nan travay Bondye a, epi, nan fason sa a, ou akonpli volonte Bondye.

Pou antre nan kouran Sentespri a, ou dwe gen yon relasyon nòmal avèk Bondye, epi ou dwe retire tèt ou premyeman nan eta pasif ou ye a. Gen kèk moun ki toujou ap swiv foul la, epi kè yo egare twò lwen Bondye; moun sa yo pa gen okenn dezi pou amelyore tèt yo, epi nivo yo ap chèche yo twò ba. Se sèlman chèche renmen Bondye epi tounen moun pa Bondye ki se volonte Bondye. Gen moun ki sèlman itilize konsyans yo pou peye lanmou Bondye a, men sa pa kapab satisfè volonte Bondye; plis nivo w ap pouswiv yo pi wo, plis li pral ann amoni ak volonte Bondye. Kòm yon moun ki nòmal, epi k ap chèche lanmou Bondye a, antre nan wayòm nan pou w vin youn pami pèp Bondye a, se vrè lavni nou, e yon lavi ki genyen sans ak valè ki pi; pa gen moun ki pi beni pase w. Poukisa mwen di sa? Paske sila yo ki pa kwè nan Bondye ap viv pou lachè, epi yo ap viv pou Satan, men jodi a nou viv pou Bondye, epi nou viv pou fè volonte Bondye. Se poutèt sa mwen di lavi nou gen yon enpòtans elve. Se sèlman gwoup moun sa a, Bondye te chwazi, ki kapab viv yon lavi ki gen yon enpòtans elve: Pa gen lòt moun sou latè ki kapab viv yon lavi ki gen valè ak sans konsa. Paske Bondye te chwazi nou, e Bondye leve nou, epi, anplis, akòz lanmou Bondye pou nou, nou pran vrè lavi a, epi nou konnen kijan pou moun viv yon lavi ki gen yon valè elve. Se pa paske n ap byen chèche, men se akòz gras Bondye a; se Bondye ki te louvri je lespri nou, e se te Lespri Bondye ki te touche kè nou, ki te ba nou chans pou vini devan Li. Si Lespri Bondye a pa t klere nou, enben nou pa t ap kapab wè sa ki bèl nan Bondye, ni li pa tap posib pou nou renmen Bondye. Se sèlman paske Lespri Bondye touche kè moun yo ki fè kè yo tounen vin jwenn Bondye. Pafwa, lè n ap jwi pawòl Bondye yo, yo touche lespri nou, epi nou santi, nou pa kapab sispann renmen Bondye, nou gen anpil fòs nan nou, e pa gen anyen nou pa ka mete sou kote. Si w santi w konsa, enben se Lespri Bondye ki touche w, epi kè w tounen jwenn Bondye san rezèv, epi ou pral priye Bondye epi di: “O Bondye! Se Ou menm tout bon ki te predestine e chwazi nou pou laglwa Ou ban mwen fyète, epi m santi mwen gloriye pou m se youn pami pèp Ou a. M ap sakrifye nenpòt bagay epi bay nenpòt bagay pou fè volonte W, epi m ap konsakre tout ane mwen yo, ak tout efò nan lavi pou Ou.” Lè w ap priye konsa, ap genyen yon lanmou san limit obeyisans tout bon pou Bondye nan kè w. Èske ou te janm gen yon eksperyans konsa? Si Lespri Bondye touche moun souvan, enben yon volonte espesyal pou yo konsakre tèt yo bay Bondye nan priyè yo: “O Bondye! Mwen swete kontanple jou laglwa Ou a, e mwen ta renmen viv pou Ou pa gen anyen ki pi diy oswa ki fè plis sans pase viv pou Ou, e mwen pa gen okenn dezi menm tou piti pou m viv pou Satan ak lachè. Ou leve mwen nan fason Ou fè m kapab viv pou Ou jodi a.” Lè w priye nan fason sa a, ou pral santi ou pa kapab reziste pou w bay Bondye kè w, ou santi w dwe gen Bondye, epi ou t ap rayi mouri san w pa t gen Bondye pandan ou vivan. Lè w fin di yon priyè konsa, pral gen yon fòs ki pa ka fini nan ou, epi ou pa pral konnen ki kote li soti; pral gen yon pouvwa san limit nan kè w epi ou pral santi Bondye tèlman agreyab, epi Li merite lanmou. Se lè sa a Bondye pral touche w. Bondye te touche tout moun ki te fè eksperyans sa yo. Pou sila yo Bondye touche souvan, gen chanjman ki fèt nan lavi yo, yo kapab pran rezolisyon yo epi gen volonte pou yo jwenn Bondye konplètman, lanmou pou Bondye nan kè yo pi fò, kè yo tounen nèt vin jwenn Bondye, yo pa gen konsiderasyon ni pou fanmi, ni pou mond lan, ni pou konplikasyon, ni lavni yo, epi yo vle konsakre tout efò nan lavi pou Bondye. Tout moun Lespri Bondye a te touche se moun ki pouswiv laverite, e ki gen espwa pou Bondye fè yo vin pafè.

Eske w tounen kè w bay Bondye? Èske Lespri Bondye touche kè w? Si w pa t janm gen yon eksperyans konsa, epi si w pa t janm priye nan yon fason konsa, enben sa a montre Bondye pa gen okenn plas nan kè w. Tout moun Lespri Bondye a te gide, epi Lespri Bondye a te touche, travay Bondye a posede yo, sa ki montre pawòl Bondye yo ak lanmou Bondye te pran rasin nan yo. Gen kèk moun ki di: “Mwen pa serye menm jan avè w nan priyè m yo, ni Bondye pa touche m tèlman; pafwa—lè m ap medite epi priye—mwen santi Bondye agreyab, epi Bondye touche kè m.” Pa gen anyen ki pi enpòtan pase kè yon moun. Lè kè w tounen vin jwenn Bondye, tout ou menm ap tounen vin jwenn Bondye, epi nan moman sa a Lespri Bondye pral touche kè w. Pifò nan nou te fè yon eksperyans konsa—sèlman, pwofondè eksperyans nou yo pa menm. Gen kèk moun ki di: “Mwen pa di anpil pawòl lapriyè, mwen jis koute kominyon lòt moun yo epi fòs la leve nan mwen.” Sa montre, Bondye te touche w anndan. Moun Bondye te touche anndan yo gen enspirasyon lè y ap tande kominyon lòt moun yo; si kè yon moun rete totalman san bouje lè lap tande pawòl ki bay enspirasyon yo, enben sa pwouve, travay Sentespri a pa nan moun sa a. Pa gen dezi andedan li, sa ki pwouve li pa gen detèminasyon, e konsa li andeyò travay Sentespri a. Si Bondye te touche yon moun, li pral gen yon reyaksyon lè li tande pawòl Bondye yo; si Bondye pa t touche li, enben li pa t angaje avèk pawòl Bondye, li pa gen relasyon ak yo, epi li pa kapab jwenn bon konprann. Sila yo ki te tande pawòl Bondye yo epi ki pa t gen reyaksyon yo se moun Bondye pa t touche—yo se moun ki san travay Sentespri a. Tout moun ki kapab asepte nouvo limyè a, travay Sentespri a touche yo e posede yo.

Mezire tèt ou:

1. Èske w nan mitan travay Sentespri a ap fè koulye a?

2. Èske kè w tounen vin jwenn Bondye? Èske Bondye touche w?

3. Èske pawòl Bondye yo pran rasin andedan w?

4. Èske w bati pratik ou sou baz obligasyon Bondye yo?

5. Èske w ap viv anba direksyon limyè aktyèl Sentespri a?

6. Èske ansyen konsepsyon yo te dirije kè w, oswa èske pawòl Bondye yo dirije l jodi a?

Lè n tande pawòl sa yo, ki reyaksyon nou genyen? Apre w te fin kwè pandan tout ane sa yo, èske la vi w sanble ak pawòl Bondye yo? Èske gen yon chanjman nan pase w, nan dispozisyon kowopi w yo? Èske w, ann akò ak pawòl Bondye jodi a, konnen ki sa sa vle di gen lavi, e sa sa vle di san lavi? Èske sa klè pou nou? Sa ki se enpòtans prensipal lè w ap swiv Bondye, sèke tout bagay ta dwe dapre pawòl Bondye yo jodi a: Kit w ap chèche antre nan lavi oswa akonplisman volonte Bondye, tout bagay ta dwe santre sou pawòl Bondye yo jodi a. Si sa ou kominike ak pouswiv yo pa santre sou pawòl Bondye yo jodi a, lè sa a ou se yon etranje nan pawòl Bondye yo, epi travay Sentespri a prive w totalman. Sa Bondye vle se moun ki swiv tras Li yo. Kèlkeswa jan sa w konprann anvan an mèveye ak pwòp, Bondye pa vle li, epi si w pa kapab mete bagay sa yo sou kote, enben yo pral yon gwo obstak nan antre lavni w. Tout moun ki kapab swiv limyè aktyèl Sentespri a beni. Moun epòk pase yo te swiv tras Bondye yo tou, men yo pa tap ka swiv jouk jodi a; sa a se benediksyon moun dènye jou yo. Sila yo ki ka swiv travay aktyèl Sentespri a, epi ki kapab swiv tras Bondye yo, tankou yo swiv Bondye nenpòt kote Li mennen yo—sa yo se moun Bondye beni. Moun ki pa swiv travay aktyèl Sentespri a pa t antre nan travay pawòl Bondye yo, e kèlkeswa kantite travay yo fè, oswa kijan soufrans yo anpil, oswa kantite kouri yo kouri, okenn nan sa pa vle di anyen pou Bondye, e Li pa pral felisite yo. Jodi a, tout moun ki swiv pawòl aktyèl Bondye yo, yo nan kouran Sentespri a; moun ki etranje nan pawòl Bondye yo jodi a, yo deyò kouran Sentespri a, e Bondye pa konplimante kalite moun sa yo. Sèvis ki divòse ak pawòl aktyèl Sentespri a se sèvis ki soti nan lachè, ak nan konsepsyon yo, e li enposib pou li fèt ann akò ak volonte Bondye. Si moun ap viv nan mitan tandans relijye yo, lè sa a yo pa kapab fè anyen ki anfòm pou volonte Bondye, e menm si yo sèvi Bondye, yo sèvi nan mitan imajinasyon yo ak konsepsyon yo, epi yo pa kapab sèvi ann akò ak volonte Bondye a totalman. Moun ki pa kapab swiv travay Sentespri a pa konprann volonte Bondye, e moun ki pa konprann volonte Bondye pa ka sèvi Bondye. Bondye vle sèvis ki selon pwòp kè L; Li pa vle sèvis ki soti nan konseptsyon yo ak sèvis lachè. Si moun yo pa kapab swiv etap travay Sentespri sa yo, lè sa a y ap viv nan mitan konsepsyon yo. Sèvis moun sa yo entèwonp e deranje, epi kalite sèvis sa yo ale nan sans kontrè ak Bondye. Konsa, moun ki pa kapab swiv tras Bondye yo pa kapab sèvi Bondye; moun ki pa kapab swiv tras Bondye yo opoze ak Bondye tout bon vre, epi yo pa kapab konpatib ak Bondye. “Swiv travay Sentespri a” vle di konprann volonte Bondye jodi a, kapab aji ann akò avèk egzijans aktyèl Bondye yo, kapab obeyi e swiv Bondye jodi a, epi antre ann akò ak pawòl Bondye ki pi resan yo. Sa se sèlman yon moun ki swiv travay Sentespri a e ki nan kouran Sentespri a. Moun sa yo pa sèlman kapab resevwa lwanj Bondye a e wè Bondye, men yo ka konnen tou dispozisyon Bondye a ki soti nan dènye travay Bondye a, epi yo ka konnen nosyon ak dezobeyisans lòm yo, e nati ak sibstans lòm, ki soti nan dènye travay Li; anplis sa, yo kapab reyalize gradyèlman chanjman nan dispozisyon yo pandan y ap fè sèvis. Se sèlman moun konsa ki se moun ki kapab jwenn Bondye, epi ki te jwenn vre chemen an reyèlman. Moun travay Sentespri a elimine se moun ki pa kapab swiv dènye travay Bondye a, epi ki rebèl kont dènye travay Bondye a. Kalite moun sa yo opoze ouvètman ak Bondye paske Bondye te fè nouvo travay, e paske imaj Bondye a pa menm jan ak sa ki nan konsepsyon yo—kòm yon rezilta nan sa a, yo opoze ouvètman ak Bondye epi pase jijman sou Bondye, sa ki lakòz Bondye rayi e rejte yo. Posede konesans dènye travay Bondye a se pa yon bagay fasil, men si moun yo gen yon lespri pou obeyi travay Bondye a epi chèche travay Bondye a, lè sa a yo pral gen chans pou yo wè Bondye, epi yo pral gen chans pou yo jwenn gidans Sentespri a ki pi resan. Sila yo ki opoze nan entansyon yo ak travay Bondye a pa ka resevwa limyè Sentespri a oswa gidans Bondye a. Kidonk, si wi ou non moun ka resevwa dènye travay Bondye a depann de favè Bondye a, li depann de sa y ap pousuiv la, epi li depann de entansyon yo.

Tout moun ki kapab obeyi pawòl aktyèl Sentespri a, yo beni. Kèlkeswa jan yo te konn ye, oswa jan Sentespri a te travay nan yo—moun ki te jwenn dènye travay Bondye a se moun ki pi beni, e moun ki pa kapab swiv dènye travay la jodi a yo elimine. Bondye vle moun ki kapab asepte nouvo limyè a, e Li vle moun ki asepte epi ki konnen dènye travay Li a. Poukisa yo di, ou dwe yon jèn fi ki vyèj? Yon jèn fi ki vyèj kapab chèche travay Sentespri a epi konprann nouvo bagay yo, e anplis, li kapab mete sou kote vye konsepsyon yo, epi obeyi travay Bondye a jodi a. Gwoup moun sa yo, ki asepte travay ki pi resan an jodi a, Bondye yo te predestine yo anvan epòk yo, epi yo se moun ki jwenn plis benediksyon. Nou tande vwa Bondye dirèkteman, epi gade aparans Bondye, epi konsa, toupatou nan syèl yo ak sou latè, ak nan tout epòk yo, pa gen moun ki te pi beni pase nou, gwoup moun sa a. Tout bagay sa a se akòz travay Bondye a, akòz predestinasyon ak seleksyon Bondye a, e akòz favè Bondye a; si Bondye pa t pale epi pwononse pawòl Li yo, kondisyon nou yo ta ka menm jan yo ye jodi a? Kidonk, se pou tout glwa ak lwanj pou Bondye, paske tout bagay sa yo se paske Bondye leve w. Avèk bagay sa yo nan tèt ou, èske w ta ka toujou pasif? Èske fòs ou ka toujou pa ka leve?

Bondye te predestine sa anvan epòk yo poutèt ou kapab asepte jijman an, chatiman, kou, ak rafinman pawòl Bondye yo, epi, anplis, ou kapab asepte komisyon Bondye yo, e konsa ou pa dwe twò chagren lè yo chatye w. Pèsonn pa ka wete travay ki te fèt nan nou, e benediksyon yo te akòde nou yo, e pèsonn pa ka wete tout sa yo te ba nou. Moun ki nan relijyon pa gen okenn konparezon avèk nou. Nou pa posede gwo ekspètiz nan Bib la, epi nou pa ekipe ak teyori relijye, men paske Bondye te travay nan nou, nou te genyen plis pase nenpòt moun nan tout epòk yo—e konsa sa se pi gwo benediksyon nou. Poutèt sa, nou dwe menm plis dedye bay Bondye, e menm plis rete fidèl ak Bondye. Paske Bondye leve w, ou dwe ranfòse efò w yo, epi yo dwe pare nivo w pou asepte komisyon Bondye yo. Ou dwe kanpe fèm nan plas Bondye ba w la, pouswiv pou vin youn nan pèp Bondye a, asepte fòmasyon wayòm nan, pou Bondye genyen w epi pou vin finalman yon temwayaj laglwa Bondye. Èske w posede rezolisyon sa yo? Si w posede rezolisyon sa yo, lè sa a, ou asire w finalman Bondye genyen w, epi yo pral vin yon temwayaj laglwa Bondye. Ou ta dwe konprann, Bondye gen komisyon prensipal la epi yo vin yon temwayaj laglwa Bondye. Sa a se volonte Bondye.

Pawòl Sentespri yo jodi a se dinamik travay Sentespri a, e limyè kontinyèl Sentespri a sou lòm pandan peryòd sa a se tandans travay Sentespri a. Epi kisa ki tandans travay Sentespri a jodi a? Li se lidèchip pèp la nan travay Bondye a jodi a, e nan yon lavi espirityèl ki nòmal. Gen plizyè etap pou antre nan yon lavi espirityèl ki nòmal:

1. Premyèman, ou dwe vide kè w nan pawòl Bondye yo. Ou pa dwe chèche pawòl Bondye nan tan lontan yo, epi ou pa dwe etidye yo ni konpare yo ak pawòl jodi a. Olye sa, ou dwe vide kè w konplètman nan pawòl aktyèl Bondye yo. Si gen moun ki toujou vle li pawòl Bondye yo, liv espirityèl yo, oswa lòt istwa predikasyon nan tan lontan an, epi ki pa swiv pawòl Sentespri yo jodi a, ebyen yo se moun ki pi fou; Bondye deteste moun sa yo. Si w vle asepte limyè Sentespri a jodi a, enben vide kè w konplètman nan pawòl Bondye yo jodi a. Sa a se premye bagay ou dwe reyalize.

2. Ou dwe priye sou baz pawòl Bondye pale jodi a, antre nan pawòl Bondye yo epi antre nan kominyon avèk Bondye, epi pran rezolisyon w yo devan Bondye, etabli ki akonplisman nivo ou vle pouswiv.

3. Ou dwe pouswiv antre pwofon nan verite a sou fondasyon travay Sentespri a jodi a. Pa kanpe sou pawòl demode ak teyori pase yo.

4. Ou dwe chèche pou Sentespri a touche w, epi antre nan pawòl Bondye yo.

5. Ou dwe kontinye antre nan chimen Sentespri a te mache jodi a.

Epi ki jan ou chèche pou Sentespri a touche w? Sa ki enpòtan se viv nan pawòl aktyèl Bondye yo, epi priye sou baz obligasyon Bondye yo. Lè w te priye nan fason sa a, Sentespri a sèten L ap touche w. Si w pa chèche sou baz fondasyon pawòl Bondye pale yo jodi a, enben sa a pa itil. Ou ta dwe priye, epi di: “O Bondye! Mwen opoze ak ou, e mwen dwe ou anpil; Mwen tèlman dezobeyisan, e mwen pa janm kapab satisfè Ou. O Bondye, mwen swete pou ou delivre m, mwen ta vle bay sèvis pou Ou alafen, mwen ta vle mouri pou Ou. Ou jije m e chatye m, epi mwen pa gen okenn plent; mwen opoze ak Ou e mwen merite mouri, pou tout moun ka wè dispozisyon Ou ki jis nan lanmò mwen.” Lè lapriyè soti nan kè w nan fason sa a, Bondye ap tande w, epi li pral gide w; si w pa priye sou fondasyon pawòl Sentespri a jodi a, enben pa gen posiblite pou Sentespri a touche w. Si w priye dapre volonte Bondye, e dapre sa Bondye vle fè jodi a, ou pral di: “O Bondye! Mwen swete asepte komisyon w yo epi rete fidèl ak komisyon w yo, e mwen dispoze konsakre tout lavi m pou glwa w, konsa, tout sa mwen fè ka atenn nivo moun Bondye yo. Se pou Ou touche kè m. Mwen swete pou Lespri W toujou eklere m, fè tout sa m fè pote wont sou Satan, pou Ou genyen m finalman.” Si w priye nan fason sa a, nan yon fason ki santre sou volonte Bondye, lè sa a Sentespri a pral travay nan ou kanmenm. kantite pawòl priyè w yo pa enpòtan—sa ki kle a se konnen si wi ou non ou sezi volonte Bondye a. Nou tout ka te gen eksperyans sa a: Pafwa, pandan y ap lapriyè nan yon asanble, dinamik travay Sentespri yo rive nan pik yo, sa ki lakòz fòs tout moun leve. Gen kèk moun ki kriye anmè ak kriye dlo nan je pandan y ap lapriyè, akable ak remò devan Bondye, e kèk moun ki montre detèminasyon yo, epi fè pwomès. Sa a se efè travay Sentespri a dwe reyalize a. Jodi a, li enpòtan pou tout moun vide kè yo nèt nan pawòl Bondye yo. Pa konsantre sou pawòl yo te pale anvan yo; si w toujou kenbe sou sa ki te vin anvan, lè sa a Sentespri a pa pral travay nan ou. Èske w wè ki jan sa enpòtan?

Èske nou konnen chimen Sentespri a te mache jodi a? Plizyè pwen anwo yo se sa Sentespri a dwe akonpli jodi a e nan tan kap vini an; yo se chimen Sentespri a pran, e antre lèzòm ta dwe chèche la. Nan antre nan lavi ou, omwen ou dwe vide kè w nan pawòl Bondye yo, epi ou kapab asepte jijman ak pinisyon pawòl Bondye yo; kè w dwe anvi Bondye, ou dwe kontinye antre fon nan verite a, e objektif Bondye mande yo. Lè fòs sa a posede w, enben sa montre Bondye te touche w, e kè w te kòmanse tounen vin jwenn Bondye.

Premye etap antre nan lavi a se vide kè w konplètman nan pawòl Bondye yo, ak dezyèm etap la se asepte, Sentespri a touche w. Ki efè sa genyen lè w asepte Sentespri a touche w? Li kapab se anvi, chèche, ak eksplore yon verite ki pi pwofon, epi kapab kolabore ak Bondye nan yon fason pozitif. Jodi a, ou kolabore ak Bondye, sa ki vle di gen yon objektif nan sa w ap chèche, nan priyè w yo, e nan kominyon w ak pawòl Bondye yo, epi ou fè devwa w dapre egzijans Bondye yo—se sèlman sa a ki se kolabore ak Bondye. Si ou sèlman pale de kite Bondye aji, men ou pa fè okenn aksyon, ni priye ni chèche, enben èske sa ta ka rele koperasyon? Si w pa gen okenn tras koperasyon nan ou, epi ou manke fòmasyon nan antre ki gen yon objektif, ebyen ou pa kolabore. Gen kèk moun ki di: “Tout bagay depann de predestinasyon Bondye a, se Bondye li menm ki fè tout bagay; si Bondye pa t fè sa, lè sa a ki jan lòm t ap kapab?” Travay Bondye a nòmal, epi li pa ti kras ti kras sipènatirèl la, epi li se sèlman atravè rechèch aktif ou Sentespri a ap travay, paske Bondye pa fòse lòm—ou dwe bay Bondye opòtinite pou L travay, e si w pa kontinye oswa antre, epi si pa gen yon pi piti kras dezi a nan kè w, enben Bondye pa gen okenn chans pou L travay. Sou ki chemen ou ka chache pou Bondye touche w? Atravè lapriyè, epi vini pi prè Bondye. Men, sa ki pi enpòtan, sonje, li dwe sou fondasyon pawòl Bondye te pale yo. Lè Bondye touche w souvan, ou pa esklav lachè: Mari, madanm, timoun yo, ak lajan—yo tout yo pa anmezi pou mare w, epi ou sèlman vle kontinye chèche laverite epi viv devan Bondye. Nan moman sa a, ou pral yon moun k ap viv nan wayòm libète a.

Avan:  Se Sèlman Sila yo ki Konnen Travay Bondye Jodi a ki ka Sèvi Bondye

Pwochen:  Konsènan Fason pou Rete Kè Poze Devan Bondye

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm

Koulè solid

Tèm

Polis

Tay polis

Entèliy

Entèliy

Lajè paj la

Tab matyè yo

Rechèch

  • Chache tèks sa a
  • Chache liv sa a

Connect with us on Messenger