Mistè Enkanasyon an (1)

Nan epòk Lagras la, Jan te pare chemen pou Jezi. Jan pa t ka fè travay Bondye a Li menm, men li te senpleman ranpli devwa lòm. Menm si Jan te vin anonse Seyè a, li pa t ka reprezante Bondye; li te sèlman yon nonm Sentespri a te itilize. Apre Jezi te fin batize, Sentespri a desann sou li tankou yon ti pijon. Lè sa a, Li te kòmanse travay Li, sa vle di, Li te kòmanse fè ministè Kris la. Se poutèt sa Li te pran idantite Bondye, paske se nan Bondye Li te soti. Anvan sa, kèlkeswa jan lafwa Li te ye—pafwa, Li te kapab fèb oswa fò—tout sa se bagay ki te fè pati lavi moun nòmal Li te mennen an anvan Li te fè ministè Li. Apre L te fin batize (sa vle di, resevwa onksyon), pouvwa ak laglwa Bondye te akonpaye Li touswit, epi lè sa a, Li te tanmen fè ministè Li. Li te kapab fè siy ak mèvèy yo, Li te kapab fè mirak, e Li te gen pouvwa ak otorite, paske Li t ap travay dirèkteman sou non Bondye Li menm; Li t ap fè travay Lespri a nan plas Li epi Li t ap eksprime vwa Lespri a. Kidonk, se Bondye menm Li te ye; pèsonn pa ka kontredi sa a. Jan se te yon moun Sentespri a te itilize. Li pa t kapab reprezante Bondye, e li te enposib pou Li te reprezante Bondye. Si li te vle fè sa, li pa t ap gen pèmisyon Sentespri a, paske li pa t kapab fè travay Bondye te vle akonpli a. Petèt te gen anpil bagay nan li ki soti nan volonte lòm, oswa yon bagay ki te ka devye; nan okenn ka, li pa t kapab reprezante Bondye dirèkteman. Fòt ak erè li yo te reprezante li menm sèlman, men travay li te reprezante Sentespri a. Poutan, ou pa kapab di, tout li menm te reprezante Bondye. Èske devyasyon li ak erè li ta kapab reprezante Bondye tou? Lè w fè erè nan reprezante moun, li se yon bagay nòmal, men si yon moun devye nan reprezante Bondye, lè sa a èske sa pa t ap dezonore Bondye? Èske sa a se pa t ap pale mal kont Sentespri a? Sentespri a pa bay yon moun pèmisyon alalejè pou kanpe nan plas Bondye, menm si se lòt moun ki leve Li byen wo. Si li pa Bondye, li pa t ap kapab kanpe fèm alafen. Sentespri a pa bay moun pèmisyon reprezante Bondye jan yo vle! Paregzanp, se Sentespri a ki te rann temwayaj sou Jan e se Sentespri a ki te revele li pou li te louvri wout pou Jezi, men travay Sentespri a te fè sou li a te byen mezire. Tout sa yo te mande Jan, sèke li te dwe moun ki t ap fè wout pou Jezi a, se te pou l prepare chemen an pou Li. Sa vle di, Sentespri a sèlman konfime travay li nan pave wout la epi ba li pèmisyon fè travay sa a sèlman—li pa t gen pèmisyon pou fè lòt travay. Jan te reprezante Eli, e l te reprezante yon pwofèt ki te pare chemen an. Sentespri a te soutni li nan bagay sa a; toutotan travay li se te pare wout la, Sentespri a te soutni li. Sepandan, si li te fè reklamasyon, li se Bondye Li menm epi li te di l, vin pou fini travay redanmsyon an, Sentespri a t ap gen pou korije l. Kèlkeswa jan travay Jan an te gwo, e menm si Sentespri a te kore l, travay li te gen limit. Menm si nou ta dakò, Sentespri a te konfime travay li tout bon, pouvwa li te jwenn nan moman sa a te limite nan travay li ki se pave wout la. Li pa t kapab fè okenn lòt travay ditou, paske li te sèlman Jan, moun ki pou pave wout la, epi li pa Jezi. Se poutèt sa, temwayaj Sentespri a se kle, men travay Sentespri a pèmèt lòm fè a, li menm pi enpòtan. Èske Jan pa t resevwa gwo temwayaj nan moman sa a? Èske travay li a pa t gwo tou? Men, travay li te fè a pa t kapab depase travay Jezi te fè a, paske li pa t plis pase yon moun Sentespri a te itilize e li pa t kapab reprezante Bondye dirèkteman, e alò travay li te fè a te limite. Apre li te fin fè travay pave wout la, Sentespri a pa t kontinye soutni temwayaj li ankò, pa gen nouvo travay ki te swiv li, epi li te pati lè travay Bondye Li menm te kòmanse.

Gen kèk moun move lespri yo ap toufounen epi ki rele byen fò, “mwen se Bondye!” Poutan, nan fen an, yo dekouvri yo, paske yo twonpe tèt yo nan sa yo reprezante a. Yo reprezante Satan, epi Sentespri a pa okipe yo. Sepandan ou leve tèt ou byen wo oswa ou kriye byen fò, ou se toujou yon kreyati ak yon moun ki se zafè Satan. Mwen pa janm di byen fò, “Mwen se Bondye, mwen se Pitit Bondye renmen anpil la!” Men travay mwen fè se travay Bondye. Èske Mwen bezwen rele? Pa gen okenn nesesite pou leve tèt byen wo. Bondye fè pwòp travay Li Li menm epi Li pa bezwen moun pou ba Li yon estati oswa ba Li yon tit onorifik: travay Li reprezante idantite Li ak estati Li. Anvan Li te batize, èske Jezi se pa t Bondye Li menm? Eske se pa t kò Bondye ki vin nan lachè a Li te ye? Se vre wi, yo pa kapab di, se apre Li fin resevwa temwayaj sèlman Li te vin tounen sèl grenn Pitit Bondye a? Lontan anvan L te kòmanse travay Li a, èske pa t gen yon moun ki te gentan gen non Jezi? Ou pa kapab akonpli nouvo wout yo oswa reprezante Lespri a. Ou pa kapab eksprime travay Lespri a oswa pawòl Li pale yo. Ou pa kapab fè travay Bondye Li menm, epi ou pa kapab fè travay Lespri a. Bon konprann, mèvèy, ak jan Bondye ensondab, e tout dispozisyon pou Bondye pini moun—tout bagay sa yo depase kapasite w pou eksprime. Se poutèt sa, li t ap initil pou eseye deklare ou se Bondye; ou t ap gen non an sèlman men ou pa t ap gen okenn sibstans. Bondye Li menm te vini, men pèsonn pa rekonèt Li, poutan li kontinye ap fè travay Li e Li fè sa nan reprezantasyon Lespri a. Kit ou rele L moun oswa Bondye, Seyè a oswa Kris la, osnon ou rele sè Li, sa pa gen enpòtans. Men, travay Li fè a se travay Lespri a e se travay Bondye Li menm Li reprezante. Li pa okipe sou ki non moun rele L. Èske non sa ka detèmine travay Li? Kèlkeswa jan ou rele Li, pou Bondye, Li se kò Lespri Bondye ki vin nan lachè a; Li reprezante Lespri a epi Lespri Bondye apwouve Li. Si ou pa kapab fè wout pou yon nouvo epòk, oswa fini ak ansyen epòk la, osnon antre nan yon nouvo epòk, oswa fè nouvo travay, lè sa a, yo pa kapab rele w Bondye!

Menm yon moun Sentespri a itilize pa kapab reprezante Bondye Li menm. Sa pa vle di sèlman yon moun konsa pa kapab reprezante Bondye, men sa vle di tou travay li fè a pa kapab reprezante Bondye dirèkteman. Nan yon lòt sans, yo pa kapab mete eksperyans moun nan jesyon Bondye a dirèkteman, epi li pa kapab reprezante jesyon Bondye a. Travay Bondye fè a Li menm se tout travay Livle fè nan pwòp plan jesyon Li epi li fè pati gwo jesyon an. Travay lèzòm fè a gen ladan l bay eksperyans endividyèl yo. Li gen ladan l dekouvri yon nouvo wout eksperyans ki depase sa moun ki te ale anvan yo te pilonnen an, epi li gen ladan l gide frè yo ak sè yo pandan Sentespri a ap gide yo. Sa moun sa yo bay se eksperyans endividyèl yo oswa ekriti espirityèl ki se zèv moun espirityèl yo. Malgre Sentespri a itilize moun sa yo, travay yo fè a pa gen rapò ak gwo travay jesyon nan plan sis mil ane a. Senpleman, yo se moun Sentespri a te leve nan diferan peryòd yo pou mennen pèp nan kouran Sentespri a, jouk fonksyon yo ka fè a fini oswa jiskaske lavi yo rive nan yon fen. Travay yo fè se sèlman prepare yon chemen ki kòrèk pou Bondye Li menm osnon pou kontinye kèk aspè nan jesyon Bondye Li menm sou tè a. Nan yo menm, moun sa yo pa kapab fè pi gwo travay jesyon Li an, ni yo pa ka louvri nouvo wout yo, ankò mwens yo pa kapab akonpli tout travay Bondye a soti nan ansyen epòk la. Kidonk, travay yo fè a jis reprezante yon kreyati ki ap reyalize fonksyon li epi li pa kapab reprezante Bondye Li menm ki ap reyalize ministè Li. Sa a se paske travay yo fè a li kontrè ak sa Bondye Li menm fè a. Travay pou antre nan yon nouvo epòk la se pa yon bagay moun kapab fè nan plas Bondye. Okenn lòt moun pa kapab fè l, men se Bondye Li menm ki kapab. Tout travay lòm fè gen ladan l fè devwa li kòm yon kreyati, epi li fè l lè Sentespri a aji nan li oswa eklere li. Direksyon moun sa yo bay se montre lòm wout pratik nan lavi chak jou a, epi ki jan li ta dwe aji ann amoni ak volonte Bondye. Travay moun pa enplike jesyon Bondye ni li pa reprezante travay Lespri a. Kòm yon egzanp, travay Temwen Lee ak Watchman Neean se te pou yo dirije chemen an. Kit chemen an nouvo oswa ansyen, travay la te fonde sou prensip pou rete nan Bib la. Kit se te pou retabli oswa bati legliz lokal la, travay yo se te pou etabli legliz yo. Travay yo te fè a te kontinye travay Jezi ak apot Li yo te kite ki potko fini oswa travay yo pa t devlope plis nan epòk Gras la. Sa yo te fè nan travay yo se te restore sa Jezi te mande jenerasyon ki vini aprè L yo nan premye travay Li a, tankou kenbe tèt yo kouvri, resevwa batèm, kase pen, oswa bwè diven. Moun ta kapab di, travay yo se te rete la nan Bib la epi chache wout yo nan Bib la. Yo pa t avanse menm nan bagay ki nouvo. Se poutèt sa, yon moun ka wè nan travay yo, dekouvri nouvo chemen yo nan Bib la sèlman, epi tou, pratik pi bon e ki pi reyalis. Men, yon moun pa kapak jwenn nan travay yo volonte Bondye a pou kounye a, e ankò mwens yon moun pa kab jwenn nouvo travay Bondye genyen nan plan Li pou Li fè nan dènye jou yo. Sa a se paske wout yo te mache a te toujou yon wout ansyen—pa te gen okenn renouvèlman ak okenn avansman. Yo te kontinye kenbe kwa Jezi a, yo te kontinye ak pratik mande moun yo repanti e konfese peche yo, yo kontinye konfòme yo ak pawòl ki di, moun ki kenbe fèm jouk nan fen an va sove e moun sa ase chèf fanm, epi fanm dwe obeyi mari l, e yo menm kontinye konfòme yo plis ak konsepsyon tradisyonèl kote sè yo pa ka preche, men se sèlman obeyi. Si yo te kontinye obsève mòd lidèchip sa a, Sentespri a pa t ap janm ka fè nouvo travay pou libere moun nan doktrin yo, oswa pou mennen yo nan wayòm libète ak bote a. Kidonk, etap travay sa a, ki chanje epòk la, se Bondye Li menm ki dwe fè l ak pale l; otreman pèsonn pa ka ranplase Li ladan l. Jiskaprezan, tout travay Sentespri a deyò kouran sa a te sispann, epi moun Sentespri a te itilize te pèdi objektif yo. Se poutèt sa, piske travay moun Sentespri a itilize yo diferan ak travay Bondye fè Li menm, idantite yo e sijè yo aji nan yo a diferan tou. Sa a se paske travay Sentespri a vle fè a diferan, epi nan sans sa a, moun ki sanble fè travay yo, yo jwenn idantite ak pozisyon ki diferan. Moun Sentespri a itilize yo kapab fè kèk travay tou nèf epi yo kapab elimine tou kèk travay ki te fèt nan ansyen epòk la, men sa yo fè pa kapab eksprime dispozisyon ak volonte Bondye nan nouvo epòk la. Yo travay sèlman pou elimine travay ansyen epòk la, e se pa pou yo ka fè nouvo travay nan bi pou yo reprezante dispozisyon Bondye Li menm dirèkteman. Alò, kèlkeswa kantite pratik demode yo aboli oswa kantite pratik nouvo yo prezante, yo toujou reprezante moun ak kreyati. Sepandan, lè se Bondye Li menm Ki ap akonpli yon travay, Li pa deklare ouvètman abolisyon pratik ansyen epòk la, ni Li pa deklare dirèkteman kòmansman yon nouvo epòk. Li dirèk epi Li dwat nan travay Li ap fè. Franchiz Likalifye travay Li vle fè a; sa vle di, Li eksprime dirèkteman travay Li te reyalize a, Li fè travay dirèkteman jan Li te gen entansyon nan kòmansman, nan eksprime nati Li ak dispozisyon Li. Alò, jan moun wè sa, dispozisyon Li e travay Li diferan tou de sa nan tan pase yo. Men, nan pèspektiv Bondye Li menm, sa se senpleman yon bagay k ap kontinye epi k ap devlope plis nan travay Li. Lè se Bondye kap travay Li menm, Li di pawòl Li epi Li pote nouvo travay la dirèkteman. Okontrè, lè se moun k ap travay, se nan refleksyon ak etid, oswa se yon ekstansyon konesans ak sistematizasyon pratik ki base sou travay lòt moun. Sa vle di, esans travay lòm fè a se pou swiv yon lòd etabli e nan “itilize ansyen wout ak soulye ki nèf.” Sa vle di, menm chemen moun Sentespri ate itilize yo pa bati sou sa Bondye te lanse Li menm nan. Se konsa, aprè tout bagay fin di ak fèt, moun rete toujou moun, e Bondye rete toujou Bondye.

Se sou pwomès Jan te fèt, se menm jan Izarak te fèt pou Abraram. Li te pare chemen an pou Jezi e li te fè anpil travay, men se pa Bondye li ye. Pito, li te youn nan pwofèt yo, paske li te sèlman pare chemen an pou Jezi. Li ten gen gwo travay tou, epi se te sèlman apre li te fin pare wout la, Jezi te kòmanse travay Li ofisyèlman. Lesansyèl, li te travay senpleman pou Jezi, e travay li te fè a se te pou sèvis travay Jezi a. Apre li te fin pave wout la, Jezi te kòmanse travay Li, travay ki te pi nouvo, pi konkrè, ak pi detaye a. Jan te fè sèlman premye pati a nan travay la; pi gwo pati nan nouvo travay la se Jezi ki te fè l. Jan te fè nouvo travay tou, men se pa li ki te inisye yon nouvo epòk. Se sou pwomès Jan te fèt, e se zanj lan ki te bay non li. Nan moman sa a, gen kèk moun ki te vle ba li non papa l Zakari, men manman l te pale, li te di, “Timoun sa a pa kapab pote non sa a. Li ta dwe rele Jan.” Se Sentespri a ki bay lòd pou yo fè tout sa. Jezi te pote non Li tou sou lòd Sentespri a, se Sentespri a ki te fè Li, epi se Sentespri a ki te pwomèt Li. Jezi te Bondye, Kris la ak Pitit gason lòm nan. Men, travay Jan an te gwo tou, poukisa yo pa te rele l Bondye? Ki diferans ki genyen ant travay Jezi te fè ak travay Jan te fè a egzakteman? Èske se sèl rezon ki fè Jan se moun ki te prepare chemen an pou Jezi? Oswa paske Bondye te predestine sa? Menm si Jan te di tou, “Tounen vin jwenn Bondye, paske wayòm syèl la pa lwen,” epi li menm li te preche levanjil wayòm syèl la tou, travay li pa te devlope plis epi li te konstitye yon kòmansman senpleman. Sa ki diferan an, Jezi te inisye yon nouvo epòk menm jan Li te mete yon fen nan ansyen an, men Li te tou akonpli lwa Ansyen Testaman yo. Travay Li te fè a te pi gran pase sa Jan te fè a, e plis ankò Li te vin rachte tout limanite—Li te akonpli etap travay sa a. Menm jan pou Jan, li prepare chemen an tou senpleman. Menm si travay li te gwo, pawòl li yo te anpil, e disip sa yo ki te swiv li yo anpil, travay li pa t fè plis pase kondui lòm nan yon nouvo kòmansman. Lèzòm pa t janm resevwa nan li lavi a, chemen an, oswa verite ki pi pwofon yo, ni lèzòm pa t jwenn nan li yon konpreyansyon sou volonte Bondye. Jan se te yon gwo pwofèt (Eli) ki te louvri yon nouvo tèren pou travay Jezi e ki te prepare moun ki te chwazi yo; li te vini anvan epòk Gras la. Senpleman obsève aparans nòmal moun yo pa kapab disène zafè sa yo. Sa a menm pi enpòtan paske Jan te fè travay ki te konsiderab anpil tou, e, anplis, se Sentespri a ki te pwomèt li, epi se Sentespri a ki te konfime travay li. Se konsa, se sèlman atravè travay yo fè, yon moun ka distenge ant idantite respektif yo, paske pa gen fason pou di esans yon moun nan aparans eksteryè li, ni pa gen fason pou moun rann kont sou ki sa temwayaj Sentespri a ye. Travay Jan te fè a ak travay Jezi te fè a pa t menm, yo te diferan. Se apati sa, yon moun ka detèmine si wi ou non Jan se Bondye li te ye. Travay Jezi a te dwe kòmanse, kontinye, konkli, epi reyisi. Li te fè chak etap sa yo, tandiske travay Jan an pa t plis pase fè yon kòmansman. Nan kòmansman an, Jezi te gaye levanjil la epi Li te preche chemen repantans lan, e lè sa a Li te batize moun, geri malad yo, epi chase move lespri yo. Alafen, Li te rachte limanite anba peche epi Li te konplete travay Li te genyen pou tout epòk la. Li t ap mache toupatou, li t ap preche moun, li t ap anonse bòn nouvèl wayòm syèl la. Nan sans sa a, Li menm ak Jan te sanble, diferans lan sèke Jezi te inisye yon nouvo epòk e Li te vini ak epòk Gras la pou lòm. Pawòl moun ta dwe pratike a ak chemen moun ta dwe swiv la nan epòk Gras la te soti nan bouch Li, epi alafen, Li te fini travay redanmsyon an. Jan pa t janm ka fè travay sa a. E konsa, se Jezi ki te fè travay Bondye a Li menm, ese Li ki Bondye Li menm, epi se Li ki reprezante Bondye dirèkteman. Konsepsyon moun yo di, tout moun ki fèt sou pwomès, ki fèt nan Lespri Bondye, Sentespri a konfime, epi ki louvri nouvo chemen, yo se Bondye. Dapre rezònman sa a, Jan se ta Bondye tou, e Moyiz, Abraram ak David …, yo menm tou yo tout se ta Bondye. Èske se pa yon blag ki konplike?

Anvan Li te akonpli ministè Li, Jezi te sèlman yon moun nòmal tou ki te aji annakò avèk tout sa Sentespri a te fè. Kèlkeswa Li te okouran sou pwòp idantite Li nan moman an, Li te obeyi tout sa ki te soti nan Bondye. Sentespri a pa t janm devwale idantite Li anvan Li te kòmanse ministè Li. Se te sèlman apre ministè Li te kòmanse, Li te aboli règleman ak lwa sa yo, epi se te sèlman Li te tanmen fè ministè Li ofisyèlman, pawòl Li yo te vin ranpli otorite ak pouvwa. Se jis apre Li te kòmanse ministè Li, travay Li te fè pou bay yon nouvo epòk la te kòmanse. Anvan sa, Sentespri a te rete kache nan Li pandan 29 ane, pandan tan Li te jis reprezante yon moun epi Li pa t gen idantite Bondye a. Travay Bondye a te kòmanse avèk Li nan travay ak nan fè ministè Li, Li te fè travay li dapre plan enteryè Li san li pat konsidere ki kantite bagay moun te konnen sou Li, epi travay Li te fè a te reprezante Bondye Li menm dirèkteman. Nan moman sa a, Jezi te mande moun ki bò kote l yo: “Ki moun nou di mwen ye?” Yo reponn li: “Ou se pi gran pami pwofèt yo e gran doktè nou.” E gen kèk moun ki reponn: “Ou se gran prèt nou” elatriye. Yo te bay tout kalte repons, menm gen moun ki te di Li se Jan, Li se Eli. Lè sa a, Jezi vire gade Simon pyè e Li di: “Ki moun ou di mwen ye?” Simon Pyè reponn: “Ou se Kris la, pitit Bondye vivan an.” Depi lè sa a, moun yo te vin konnen se Bondye Li te ye. Lè yo te fè konnen idantite Li, se Pyè ki te okouran de sa an premye epi se nan bouch li pawòl sa te soti. Alò, Jezi te deklare: “Paske se pa moun ki fè ou konn verite sa a. Men, se Papa m ki fè sa.” Aprè batèm Li, kit lòt moun te konnen sa kit yo pa t konnnen, travay Li te fè a se te pou Bondye. Li te vini pou fè travay Li, non pa revele idantite Li. Se te sèlman apre Pyè te pale de Li, yo te konnen idantite Li ouvètman. Kit ou te konnen kit yo pa t konnnen se Bondye Li menm Li ye, lè lè te a rive, Li te kòmanse travay Li. Epi kit ou te konnen sa kit yo pa t konnnen, Li te kontinye travay Li tankou anvan. Menm si ou te nye sa, Li t ap toujou fè travay Li epi Li t ap fè lè pou Li fè sa. Li te vini pou fè travay Li e reyalize ministè Li, se pa pou moun ta kapab konnen kò Li, men se pou moun kapab resevwa travay Li. Si ou pa t rive rekonèt, etap travay jou sa a se travay Bondye Li menm, se paske ou manke vizyon. Ou toujou pa kapab nye etap travay sa a; echèk ou pou rekonèt Li pa pwouve, Sentespri a pap travay oswa travay Li pa bon. Gen moun ki menm verifye travay k ap fèt kounye a ak travay Jezi nan Bib la epi yo sèvi avèk nenpòt enkoreyans pou refize etap travay sa a. Èske sa se pa aksyon moun ki avèg? Bagay ki ekri nan Bib la limite; yo pa kapab reprezante tout travay Bondye. Kat Levanjil yo gen mwens pase yon santèn chapit yo tout ansanm, ladan yo ekri yon kantite limite nan bagay ki te pase, tankou: Jezi te madichonnen pye fig frans lan, twa fwa Pyè te renye Seyè a, Jezi te parèt sou disip yo apre krisifiksyon Li ak rezirèksyon Li, ansèyman sou jèn, ansèyman sou lapriyè, ansèyman sou divòs, nesans ak rejis fanmi Jezi, randevou Jezi ak disip yo, elatriye. Sepandan, moun ba yo valè tankou trezò, yo menm ap konpare travay jodi a ak yo. Yo menm kwè, tout travay Jezi te fè nan lavi Li te jis reprezante tout bagay sa yo, kòmsi Bondye te kapab fè sa sèlman epi anyen anplis. Èske sa pa absid?

Tranntwazan edmi se tan Jezi te viv sou tè a, sa vle di, Li te viv sou latè pandan tranntwazan edmi. Se sèlman twa ane edmi nan tan sa a Li te pase nan fè ministè Li; rès tan an Li jis te viv yon lavi moun nòmal. Nan kòmansman an, Li te ale nan sèvis ki konn fèt nan sinagòg la epi Li te koute prèt yo ki t ap ekspoze Ekriti yo, ak predikasyon lòt moun. Li te vin gen anpil konesans nan Bib la: Li pa t fèt ak konesans sa yo, epi sèlman Li te jwenn Li nan lekti ak koute. Nan Bib la li klèman ekri Li te poze pwofesè yo nan sinagòg la kesyon lè Li te nan laj douzan: Ki sa pwofesi ansyen pwofèt yo te ye? E lwa Moyiz yo? Ansyen Testaman an? E moun ki sèvi Bondye nan rad prèt nan tanp lan? … Li te poze anpil kesyon, paske Li pa t gen ni konesans ni konpreyansyon. Menm si se Sentespri a ki te mete Li nan vant Mari, Li te fèt kòm yon moun nòmal antyèman; malgre kèk karakteristik espesyal Li te genyen, Li te toujou yon moun nòmal. Sajès Li te toujou ap grandi nan nivo pozisyon Li dwe okipe ak nan laj Li, epi Li te pase nan faz lavi moun nòmal la. Nan imajinasyon moun yo, Jezi pa te fè eksperyans anfans ni adolesans; Li te kòmanse viv lavi yon moun ki gen trantan depi Li te fèt, epi yo te kloure L sou yon kwa lè Li te fin fè travay Li a. Li posib pou Li pa t pase atravè faz yo nan lavi yon moun nòmal; Li pa t ni manje ni asosye avèk lòt moun, e li pa t fasil pou moun yo wè Li. Li posib pou Li te yon moun ki pa nòmal, ki t ap fè moun ki wè L yo pè, paske se Bondye menm Li te ye. Moun yo kwè, Bondye ki vini sou fòm moun nan p ap viv nèt tankou yon moun nòmal ap viv; yo kwè, Li pwòp san Li pa bwose dan Li oswa lave figi Li, paske Li se yon moun ki sen. Èske sa yo se pa konsepsyon moun yo vrèman? Bib la pa rapòte anyen sou lavi Jezi kòm yon moun, se sèlman travay Li, men sa pa pwouve Li pa t gen eta moun nòmal oswa Li pa t viv yon lavi moun nòmal anvan laj trantan. Li te kòmanse travay Li ofisyèlman nan laj 29 ane, men ou pa kapab ekri lavi Li tout antye kòm yon moun anvan laj sa a. Senpleman, Bib la pat konsidere peryòd sa a nan istwa Li; puiske se te lavi Li kòm yon moun nòmal epi Li pa t peryòd travay diven Li a, pa te gen nesesite pou pou yo te ekri travay peryòd sa a. Paske anvan batèm Jezi a, Sentespri a pa t travay dirèkteman, men Li te kenbe senpleman lavi Li kòm yon moun nòmal jouk Jezi rive nan jou Li te dwe reyalize ministè Li. Menm si se Bondye ki vin nan lachè a Li te ye, Li te sibi pwosesis pran matirite a menm jan ak yon moun nòmal. Pwosesis pran matirite sa a pa t ekri nan Bib la. Yo pa t ekri li paske li pa t kapab bay okenn gwo asistans pou kwasans lavi moun. Peryòd anvan batèm Li an te yon peryòd kache, se te yon peryòd kote Li pa t fè okenn siy ak mèvèy. Se sèlman apre batèm Jezi a Li te kòmanse tout travay redanmsyon limanite, travay ki abondan e ki plen gras, verite, ak renmen ak mizerikòd. Kòmansman travay sa a se te jisteman kòmansman epòk Gras la tou; pou rezon sa a, yo te ekri l epi yo te voye l pou kounye a. Se te pou louvri yon chemen epi akonpli tout bagay avèk siksè pou moun epòk Gras yo mete pye yo sou chemen epòk Gras la ak chemen lakwa a. Malgre li soti nan rapò moun ekri, tout bagay se reyalite, eksepte kèk ti erè yo dwe jwenn diferan kote. Menm si sa, yo pa ka di istwa sa yo pa verite. Bagay ki ekri yo reyèl nèt, se sèlman lè yo t ap ekri yo, moun te fè erè. Gen kèk moun ki pral di, si Jezi te youn ki gen yon eta moun ki nòmal e ki òdinè, ki jan Li t ap posib pou Li ta kapab fè siy ak mèvèy yo? Karant jou tantasyon Jezi te sibi yo se te yon siy mirak, yon moun ki se yon moun nòmal pa t ap anmezi pou akonpli l. Karant jou tantasyon Li yo te nan nati travay Sentespri a; enben, kòman yon moun ka di, Li pa t yon ti jan sinatirèl? Kapasite Li nan opere siy ak mèvèy yo pa pwouve Li te yon moun diferan epi Li pat yon moun nòmal; senpleman, Sentespri a te travay nan yon moun nòmal tankou Li, konsa Li rann li posib pou Li fè mirak epi pou Li fè travay ki menm pi gwo. Anvan Jezi te fè ministè Li, oswa jan Bib la di sa, anvan Sentespri a te desann sou Li, Jezi te yon moun nòmal e Li pa t sinatirèl ditou. Lè Sentespri a te desann sou Li, sa vle di, lè Li te kòmanse fè ministè Li, Li te vin make ak sinatirèl. Nan fason sa a, moun vin kwè, kò Bondye ki vin nan lachè a pa gen nati moun nòmal; anplis sa, moun sa a nan erè lè li panse Bondye vin nan lachè a gen divinite sèlman, Li pa gen nati moun. Sètènman, lè Bondye vini fè travay Li sou tè a, tout moun wè evènman sinatirèl yo. Sa yo kontanple avèk je yo epi sa yo tande avèk zòrèy yo, yo tout sinatirèl, paske yo pa kapab konprann travay Li yo ak pawòl Li yo, ni yo pa kapab reziste ak yo. Si yo pote yon bagay nan syèl la sou latè, ki jan li kapab yon bagay ki pa sinatirèl? Lè yo pote mistè yo ki nan wayòm syèl la sou latè, mistè moun pa kapab ni konprann ni sonde yo, mistè ki gen twòp mèvèy ak sajès yo—èske yo tout pa sinatirèl? Sepandan, ou ta dwe konnen, kèlkeswa jan li sinatirèl la, tout bagay akonpli nan eta moun nòmal Li. Kò Bondye ki vin nan lachè a make ak nati moun; si se pa t sa, enben Li pa t ap kò Bondye ki vin nan lachè a. Jezi te fè anpil gwo mirak nan tan Li a. Sa Izrayelit tan sa yo te wè yo te plen bagay sinatirèl; yo te kontanple zanj ak mesaje, epi yo te tande vwa Jewova. Èske tout bagay sa yo pa t sinatirèl? Pa gen dout, jodi a gen kèk move lespri ki twonpe moun ak bagay sinatirèl yo; sa a se jis imitasyon sou pati yo pou twonpe moun nan travay Sentespri a pa fè kounye a. Anpil moun fè mirak ak geri malad yo epi yo chase move lespri yo; sa yo se jis travay move lespri yo, paske Sentespri a pa fè travay sa a ankò jounen jodi a, e tout moun ki te imite travay Sentespri a depi lè sa a se move lespri yo ye tout bon. Tout travay ki te fèt nan pèp Izrayèl la nan tan sa a se te travay yon nati sinatirèl, menm si Sentespri a pa travay nan yon fason konsa kounye a, epi nenpòt travay sa yo k ap fèt kounye a, se imitasyon ak degizman Satan ak twoub li yo. Men, ou pa kapab di, tout sa ki sinatirèl yo soti nan move lespri—sa t ap depann de epòk travay Bondye a. Konsidere travay Bondye ki vin nan lachè a fè jounen jodi a: Ki aspè ki pa sinatirèl? Ou pa kapab ni konprann ni sezi Pawòl Li yo, epi pèsonn pa kapab fè travay Li a. Lòm pa gen okenn posibilite pou konprann sa Li konprann, e konsènan konesans Li, lòm pa konnen ki kote li soti. Gen kèk moun ki di: “Mwen menm tou mwen nòmal menm jan avèk Ou, men ki sa ki fè mwen pa konnen sa Ou konnen? Mwen pi gran e Mwen pi rich nan eksperyans, men ki jan ou kapab konnen bagay mwen pa konnen?” Pou sa ki konsène moun, tout sa se bagay moun pa gen aksè ak li nan okenn fason. Enben, gen moun ki di: “Pa gen moun ki konnen travay ki te fèt nan peyi Izrayèl la, e menm moun k ap ekspoze Bib la pa kapab bay okenn eksplikasyon; ki jan ou fè konnen?” Èske tout zafè sa yo pa sinatirèl? Li pa gen okenn eksperyans mèvèy yo, poutan Li konnen tout; Li pale e Li di verite a avèk pi gwo fasilite a. Èske sa a se pa yon bagay ki sinatirèl? Travay li depase travay kò a ka rive fè. Panse nenpòt ki moun ki gen yon kò lachè pa gen aksè ak li epi li enposib nèt pou rezònman lespri moun wè li. Menm si Li pa janm li Bib la, Li konprann travay Bondye a nan peyi Izrayèl la. E menm si li kanpe sou tè a pandan l ap pale, Li pale de mistè twazyèm syèl la. Lè moun li pawòl sa yo, santiman sa a ap bat li: “Èske se pa langaj twazyèm syèl la?” Èske tout sa yo se pa koze ki depase sa yon moun nòmal kapab reyalize? Nan tan sa a, lè Jezi te pase karant jou jèn nan, èske sa pa t sinatirèl? Si ou di, karant jou jèn sinatirèl nan tout sans, se yon zak move lespri, enben, èske w pa kondane Jezi? Anvan Li te akonpli ministè Li, se tankou yon moun nòmal Jezi te ye. Li te ale lekòl tou; ki lòt fason Li te kapab aprann li ak ekri? Lè Bondye te vin tounen moun, Lespri a te kache nan kò a. Men, Li te yon moun nòmal, Li te nesesè pou Li sibi yon pwosesis kwasans ak pran matirite, e se lè kapasite entèlektyèl Li te gen matirite, epi Li te kapab disène bagay yo, yo t ap ka kap konsidere Li kòm yon moun nòmal. Se te sèlman apre nati moun Li te gen matirite, Li te kapab fè ministè Li. Ki jan Li t ap kapab fè ministè Li pandan eta moun nòmal Li te toujou san matirite epi rezònman Li pa t solid? Se vre wi, Li pa t ap kapab espere fè ministè Li nan laj sis oswa sèt ane! Poukisa Bondye pa t manifeste tèt Li ouvètman lè Li te vin tounen moun premye fwa a? Se te paske etakò Li te potko gen matirite; Li potko fin posede pwosesis entèktyèl kò Li, menm jan ak eta moun nòmal kò sa a. Pou rezon sa a, Li te nan nesesite absoli pou Li gen eta moun nòmal lae menm sans ak yon moun nòmal—nan pwen kote Li te ekipe ase pou antreprann travay Li nan kò a—anvan Li te kapab kòmanse travay Li. Si Li pa t alawotè travay la, Li t ap nesesè pou Li kontinye grandi ak pran matirite. Si Jezi te kòmanse travay Li nan laj sèt oswa uit lane, èske lòm pa t ap konsidere Li tankou yon pwodij? Èske tout moun pa t ap panse se yon timoun Li ye? Ki moun ki t ap rekonèt Li kapab konvenk moun? Yon timoun ki gen sèt oswa uit lane pa pi wo pase estrad Li te kanpe dèyè l la—èske Li t ap kapab preche? Anvan eta moun nòmal Li gen matirite ase, Li pa t prè pou travay la. Pou sa ki konsène eta moun Li ki potko gen matirite, Li pa t ap kapab reyalize yon bèl pòsyon nan travay la. Pwòp prensip Bondye yo gouvène Travay Lespri a nan kò a. Se sèlman lè Li ekipe ak eta moun nòmal la, Li kapab antreprann travay la epi asime chaj Papa a. Se sèlman lè sa a Li kapab kòmanse travay Li. Nan anfans Li, Jezi pa t kapab konprann anyen tou senpleman sou anpil nan sa ki te pase nan tan lontan, epi se sèlman nan mande pwofesè yo nan sinagòg la Li te vin konprann. Si li te kòmanse travay Li tousuit Li apre L te fin aprann pale, kijan sa t ap posib pou Li pa fè erè? Kijan li t ap posib pou Bondye fè fo pa? Kidonk, se te jis apre Li te kapab travay, Li te kòmanse travay Li; Li pa t fè okenn trav anvan Li te kapab antreprann li konplètman. Nan laj 29 lane, Jezi te deja gen bon matirite e eta moun Li te sifi pou antreprann travay Li te dwe fè a. Se jis lè sa a Lespri Bondye a te kòmanse travay nan Li ofisyèlman. Nan epòk sa a, Jan te prepare pandan sèt lane pou l te louvri chemen an pou Li, e lè Li te fini travay Li, yo te mete Li nan prizon. Lè sa a, chay la te tonbe nèt sou Jezi. Si Li te antreprann travay sa a nan laj 21 oswa 22 lane, nan yon moman kote eta moun Li te toujou manke, lè Li te sèlman fèk antre nan jèn adilt, e te gen anpil bagay Li toujou pa t konprann, enben Li pa t ap anmezi pou Li pran kontwòl. Nan moman sa a, Jan te deja fè travay li pandan kèk tan anvan Jezi te kòmanse travay Li, Nan tan kote Li te deja nan laj mwayen. Nan laj sa a, eta moun nòmal Li te sifi pou antreprann travay Li te dwe fè a. Kounye a, Bondye ki vin nan lachè a gen eta moun nòmal tou epi, menm si Li lwen pou ta gen matirite pa rapò ak ansyen yo ki mitan nou, eta moun sa a deja sifi pou Li antreprann travay Li. Sikonstans ki antoure travay jodi a yo pa menm ditou ak nan tan Jezi a. Poukisa Jezi te chwazi douz apot yo? Se te pou sipòte travay Li epi poutravay ansanm avèk Li. Yon kote, Li te mete fondasyon an pou travay Li nan moman an, pandan, yon lòt kote, Li te dwe mete fondasyon an pou travay Li nan jou ki vini apre yo. Ann akò ak travay nan tan sa a, volonte Jezi se te chwazi douz apot yo, menm jan Li te volonte Bondye Li menm. Li te kwè, Li te dwe chwazi douz apot yo epi apre sa pou mennen yo preche tout kote. Men, jodi a pa gen okenn bezwen pou sa a nan mitan nou! Lè Bondye ki vin nan lachè a ap travay nan kò a, gen anpil prensip, e gen anpil zafè lèzòm pa konprann tou senpleman; lòm toujou sèvi ak pwòp nosyon li yo pou mezire tèt li, oswa mande Bondye twòp. Men, jouk jounen jodi a, anpil moun inyore totalman, konesans yo konpoze sèlman ak pwòp nosyon yo. Kèlkeswa epòk oswa kote Bondye ki vin nan lachè a ye, prensip yo pou travay Li nan kò a pa janm chanje. Li pa kapab vin tounen moun e poutan Li deja depase moun nan travay Li; ankò mwens Likapab vin tounen moun, e poutan Li pa travay nan eta nòmal moun ki nan kò a. Sinon, enpòtans enkanasyon Bondye a t ap tounen anyen, epi koze Pawòl la vin sou fòm moun nan t ap vin san sans nèt. Anplis, se sèlman Papa a ki nan syèl la (Lespri a) ki konnen sa enkanasyon Bondye a ye, epi pa gen lòt, menm kò a Li menm oswa mesaje yo nan syèl la pa konnen. Lè sa konsa, travay Bondye nan kò a menm pi nòmal e kapab demontre Pawòl la te vin sou fòm moun tout bon, e fòm moun nan vle di yon moun ki òdinè e ki nòmal.

Gen kèk moun ki ka mande tèt yo: “Poukisa Bondye Li menm dwe kòmanse ak epòk la? Èske yon kreyati pa kapab ranplase Li?” Nou tout konnen Bondye vin sou fòm moun nan objektif pou inisye yon nouvo epòk, epi, natirèlman, lè Li inisye yon nouvo epòk, Li ta pral konkli ansyen epòk la nan menm tan an. Bondye se kòmansman an ak fen an; se Li menm ki mete travay Li an mouvman e konsa se Li menm ki dwe konkli ansyen epòk la. Sa se prèv Li defèt Satan, epi Li konkeri mond lan. Chak fwa Li menm Li travay nan mitan lèzòm, se kòmansman yon nouvo batay. San kòmansman nouvo travay la, natirèlman pa t ap gen konklizyon ansyen an. E, lè pa gen konklizyon ansyen an, sa a se prèv, batay ak Satan an poko rive nan fen li. Se sèlman si Bondye Li menm vini, epi Li fè nouvo travay nan mitan lèzòm, moun kapab libere nèt anba men Satan epi jwenn yon nouvo lavi ak yon nouvo kòmansman. Sinon, moun ap viv pou tout tan nan ansyen epòk la epi pou tout tan yo ap viv anba vye enfliyans Satan yo. Nan chak epòk Bondye ap dirije, yon pati nan lòm jwenn libète, e nan fason sa a, lòm avanse ansanm ak travay Bondye a nan direksyon nouvo epòk la. Viktwa Bondye a vle di yon viktwa pou tout moun ki swiv Li. Si ras moun ki kreye yo te gen responsabilite pou konkli epòk la, enben kit se opinyon moun oswa Satan, sa a t ap plis pase yon zak pou opoze oswa pou trayi Bondye, se pa zak pou obeyi Bondye, epi travay lòm t ap vin tounen yon zouti nan men Satan. Se sèlman si lòm obeyi epi swiv Bondye nan yon epòk Bondye Li menm Li inisye, Satan kapab konvenk nèt, paske sa se devwa yon kreyati. Se poutèt sa, Mwen di, nou bezwen swiv ak obeyi sèlman, epi yo pa mande nou anyen anplis. Se sa ki vle di: chak moun kenbe devwa yo, chak moun ap ranpli fonksyon respektif li yo. Bondye fè pwòp travay Li e Li pa bezwen pou moun fè li nan plas Li, ni Li pa patisipe nan travay kreyati. Lòm ap fè pwòp devwa li, li pa patisipe nan travay Bondye a. Se sèlman sa a ki se obeyisans, ak prèv defèt Satan an. Apre Bondye Li menm fin inisye nouvo epòk la, Li pa desann travay nan mitan limanite ankò Li menm. Se sèlman lè sa a lòm antre ofisyèlman nan nouvo epòk la pou li fè devwa li, pou li reyalize misyon li kòm yon kreyati. Sa yo se prensip Bondye itilize pou Li travay, prensip pèsonn pa gen dwa transgrese. Se sèlman travay nan fason sa a ki sansib e rezonab. Se Bondye Li menm ki dwe fè Travay Li. Se Li ki mete travay Li an mouvman, epi se Li menm Li ki fini travay Li. Se Li menm ki planifye travay la, epi se Li menm Li ki jere li, e ankò plis, se Li menm ki akonpli travay la avèk siksè. Jan sa di nan Bib la, “Mwen se kòmansman, mwen se finismanan; Mwen se moun ki simen an e ki fè rekòt la.” Se Bondye Li menm ki fè tout sa ki gen rapò ak travay jesyon Li. Li se Chèf plan jesyon sis mil ane a; pèsonn pa ka fè travay Li nan plas Li e pèsonn pa kapab fini travay Li, paske se Li ki kenbe tout bagay nan men Li. Apre kreyasyon mond lan, Li pral mennen lemond antye viv nan limyè Li, epi Li pral tou konkli tout epòk la, kidonk Li ap akonpli tout plan Li avèk siksè!

Avan:  Vizyon Travay Bondye a (3)

Pwochen:  Mistè Enkanasyon an (2)

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm

Koulè solid

Tèm

Polis

Tay polis

Entèliy

Entèliy

Lajè paj la

Tab matyè yo

Rechèch

  • Chache tèks sa a
  • Chache liv sa a

Connect with us on Messenger